Apre ou fin konplete kou sa a, ou pral soti ak tout konesans debaz sou fotografi. Ou pral vin gen plis konfyans kòm fotograf pase anvan.
Pi bèl bagay nan kou sa a se ke nenpòt moun ka aprann li. Wi, menm si ou poko janm manyen yon kamera jiska jodi a, ou menm tou ou ka aprann kou sa a. Pa gen anyen k ap anpeche w aprann li. Sèl bagay ou bezwen se volonte. Epi pi enpòtan toujou, kou sa a gratis. Donk, poukisa pa vini? Vin jwenn nou jodi a.
Pou kiyès kou sa a ye? Nenpòt moun ki enterese.
Nenpòt moun ki dispoze poul envesti tan li.
Kisa ou pral aprann apre kou sa a? Ou pral aprann kijan pou kenbe kamera a byen. M ap fè blag.
Ou pral aprann tout baz fotografi yo.
Si ou serye, sa ka louvri yon nouvo opòtinite karyè pou ou.